Tèks PBF nan 787753

LI LÈ POU N GEN YON BIDJÈ POPILÈ!

Tout Floridyen merite yon gouvènman ki mete sitwayen yo an premye, e non pa enterè ava gwo antrepriz yo. Rejwenn nou.
Tèks PBF nan 787753.

NOU GEN LAJAN POU N PEYE POU SA N BEZWEN

èlkeswa sa n sanble oubyen nan kèlkeswa vil n ap viv, Floridyen òdinè ki gen tout kalite pwofil yo travay di, pou reponn ak bezwen moun ki chè a nou yo, epi nou peye taks nou dwe yo. Moun nou chwazi pou reprezante n yo deside kijan pou depanse lajan taks nou yo. Taks sa yo sèvi pou finanse bidjè leta a ak kolektivite lokal yo, ki reprezante plizyè milya dola pou pèmèt reponn ak bezwen kolektivite a an matyè de lojman, sewn lasante, edikasyon, sekirite piblik, ak pwoteksyon anviwònman an.

MEN, AVA GWO ANTREPRIZ YO BLOKE NOU

Moun nou chwazi pou reprezante nou yo ka deside depanse lajan taks nou yo tou nan bagay ki pou benefisye sèlman yon ti gwoup moun. Gwo antrepriz rich yo ak lobiyis yo vle pou bidjè nou yo ale nan bay lòt gwo rabè taks pou antrepriz olye pou yo ale nan zafè lojman. Yo vle pase lwa ki pou pwoteje monopòl yo, ki pou pèmèt yo fè mache nwa, epi ki anpeche konkirans pami ti biznis lokal nou yo. Yo vle divize nou epi anpeche nou patisipe nan demokrasi nou an, yon fason pou yo ka pran desizyon bidjè yo dèyè pòt fèmen, san nou. Yo vle pase lwa pou fè edikasyon vin prive epi elimine règleman pou biznis yo, yon fason pou yo ka kenbe salè yo nan yon nivo ki ba, epi pou yo fè gwo tonton pwofi san yo pa gen okenn kont pou rann.

POUKISA BIDJÈ YO?

Si w vle konprann veritab priyorite ak valè yon òganizasyon genyen, swiv lajan an. Nou ka konsidere bidjè yo kòm yon politik san retorik- fè yon koudèy san filt sou pwopagann ak lespri patizan ki domine laplipa nan diskisyon politik aktyèl nou yo, ak sou ki moun ofisyèl eli nou yo ap sèvi tout bon vre.

ANSANM, NOU KAPAB GENYEN

Nou konnen ke lè nou denonse avaris gwo antrepriz yo epi nou mete senp sitwayen Florid yo nan sant diskisyon bidjetè yo , nou ka genyen. The People’s Budget Florida (Bidjè Pèp la nan Florid) reprezante yon nouvo apwòch pou bay senp sitwayen yo yon vwa nan youn nan desizyon politik ki pi enpòtan nou konfye ofisyèl eli nou yo: kijan pou yo depanse lajan taks piblik nou yo.

REJWENN NOU

Soti nan Pensacola pou rive nan Key West, tout Floridyen merite yon gouvènman ki mete sitwayen yo an premye, non pa enterè patikilye ava yo. Rejwenn nou.

Tèks PBF nan 787753

In The News

Can We Finally Stop Corporate Tax Giveaways on Tax Day?

It’s Tax Day and hardworking Floridians will pay a disproportionate amount in taxes while corporations and billionaires continue to not pay the taxes they owe – due to the legislature’s billions in corporate tax giveaways and refusal to close corporate tax loopholes.

Read More »

Join The People's Budget Campaign